SAIKA AP VIV LAVI AN KOULÈ

Welcome to another interview of the series Lavi an koulè, a series dedicated to featuring Haitian creatives, entrepreneurs, artists and more; bringing colors to our lives through their work and personality. In order to celebrate summer and it’s colors all season long, we will keep the conversation flowing around joy, Haitian childhood memories, seasonal fruits and everything in between.


Introducing Saika in this Kreyòl piece….

Bonjou, bonswa tout moun! Mwen se Saika, yon kreyatè dijital. Mwen kreye kontni sou janm viv, sa mw wè ki bèl nan jem. Sou rezo yo,mwen rele Saiti ki se yon melanj ak prenonm Saika epi Ayiti. Paske malgre tout bagay, se Ayiti ki fèm. Mwen komanse asepte tit enfliyansè a selman nan lane 2020. Men mw komanse pibliye kontni seryezman en 2016 sou Facebook epi an 2017 sou Instagram.

Kisa ete vle di pou ou?

Pou mwen, ete vle di pi bon moman nan ane a. Menm sim leve an Ayiti kote li toujou fè cho, ete a toujou gon lòt anbyans. Pou mwen ete se pwofite lavi , se kè kontan, se avanti, se yon sezon poum rechaje batrim pou rès ane a.


Ki pi bèl souvni ou genyen de vakans ou?

Mwen gen anpil bèl souvni de anfans mwen Ayiti. Mwen te vreman renmen fè lago, jwe marèl, jwe kay , kawo, ak kouzen m yo epi kèk lòt timoun nan vwazinaj la. Nou te konn renmen envante resèt ak sa nou te gen anba men nou, soti nan chodyè a ki te fèt ak mamit, engredyan Nou pran lakay nou an kachèt ,etc. Nou te renmen fe eksperyans anpil anpil. Preske chak ane Nou konn ale Jakmèl kay matant mwen Meyè. Lotbo a mwen gen souvni jounen plaj yo, bon mango, kokoye ak zaboka ki soti nan pye bwa lakou Nou. Ti mache nan lavil Jakmèl, etc.

Ki fwi ou pi renmen manje nan epòk vakans ete?

Sanm pa menm ezite : mango ak melon. Menm sim voyaje e ke fwii sa yo disponib pandan tout ane a, pou mwen ete se pi bon moman pou apresye frui sa yo. Sa raplem kijan nou te konn itilize po melon a pou n rafrechi figi Nou lel fè cho lem te piti.

Kisa ki ede ou kenbe kè kontan nan lavi a?

Apre relasyon m ak Bondye, se lanati. Pou Mwen se pi bel mèvèy ki genyen. Mwen renmen bote ki genyen nan ti bagay senp yo. Zwazo kap chante, pebwa yo kap danse gras ak van an, tande lapli kap tonbe, solèy la kap kouche etc.

Kijan wap simen lajwa nan lavi ou ete sa?

Nan pase moman kalite ak moun mw renmen. Nan vizite nouvo zòn, nan pase tan nan lanati, nan redekouvri sam deja genyen nan lavim, nan pratike gratitid, nan kontinye cheche e apresye bote nan bagay ki pi piti yo.

MAKE SURE TO FOLLOW SAIKA ON INSTAGRAM. DO NOT FORGET TO GIVE THEM A FOLLOW AND SUPPORT BY SHARING WITH FRIENDS!